Ou pa konekte. Ou ka kontinye li sa ki deja chaje.
tripotay
Swiv nou
Kominote
Legal

Politik Konfidansyalite

Dènye mizajou : avril 2026

1. Enfòmasyon nou kolekte

Lè ou kreye yon kont, nou kolekte :

  • Non itilizatè ak adrès imèl ou
  • Kontni ou pibliye (pòs, kòmantè, vòt...)
  • Foto pwofil ou si ou chwazi mete youn
2. Kijan nou itilize enfòmasyon ou

Nou itilize enfòmasyon ou pou :

  • Fè kont ou fonksyone
  • Voye notifikasyon ki enpòtan pou ou
  • Amelyore eksperyans ou sou platfòm lan
3. Nou pa vann enfòmasyon ou

Nou pa vann, pataje, oswa lwe enfòmasyon pèsonèl ou bay twazyèm pati pou rezon komèsyal.

4. Sèvis twazyèm pati

Tripotay itilize kèk sèvis ekstèn pou ede platfòm lan fonksyone epi amelyore eksperyans ou :

  • Cloudinary : pou estoke imaj
  • Cloudflare : pou sekirite, CDN, DNS ak SSL
  • Railway : pou ebèjeman
  • Resend : pou voye imèl (verifikasyon, notifikasyon)
  • Google : opsyon koneksyon (si ou chwazi'l)
  • Facebook : opsyon koneksyon (si ou chwazi'l)

Kèk nan sèvis sa yo ka kolekte done teknik (tankou adrès IP, navigatè, paj vizite). Chak sèvis gen pwòp politik konfidansyalite pa yo.

5. Itilizasyon cookies

Nou itilize cookies ak lòt teknoloji menm jan an pou :

  • Fè sit la mache byen
  • Sonje sesyon ou
  • Analize kijan moun itilize platfòm lan

Ou ka kontwole oswa efase cookies atravè paramèt navigatè ou.

6. Konbyen tan nou kenbe done ou

Nou kenbe enfòmasyon ou sèlman pou tan ki nesesè pou fonksyonman sèvis la oswa pou respekte obligasyon legal yo.

Ou ka mande efase kont ou nenpòt ki lè.

7. Sekirite & Pwoteksyon done

Nou pran vi prive ou trè serye. Nou kolekte sèlman enfòmasyon ki nesesè pou sèvis la fonksyone, epi nou pa pataje yo ak twazyèm pati san konsantman ou.

Nou itilize mezi sekirite modèn pou pwoteje done ou kont aksè san otorizasyon, chanjman, oswa efase.

Nou ankouraje ou itilize modpas ki fò e inik, epi pou pa pataje enfòmasyon kont ou ak lòt moun.

Si ou remake nenpòt aktivite sispèk sou kont ou, tanpri kontakte nou imedyatman.

8. Dwa ou

Ou ka mande pou :

  • Wè enfòmasyon nou genyen sou ou
  • Korije enfòmasyon ki pa kòrèk
  • Efase kont ou nenpòt ki lè
9. Fonksyonman offline ak teknoloji PWA

Tripotay fèt pou mache byen sou nenpòt aparèy : telefòn, tablèt, oswa òdinatè. Ou ka enstale aplikasyon an (PWA) sou nenpòt sistèm (iOS, Android, MacOS, Windows). Ou ka kontinye itilize kèk pati nan sèvis la menm lè ou pa gen entènèt.

Pou sa posib, nou itilize teknoloji tankou service workers ki ka estoke kèk done tanporèman sou aparèy ou (paj, imaj, kontni) :

  • Sa ede sit la chaje pi vit
  • Li pèmèt ou itilize kèk fonksyon offline
  • Li amelyore eksperyans ou an jeneral

Done sa yo rete sou aparèy ou epi ou ka efase yo nenpòt ki lè atravè paramèt navigatè ou oswa lè ou dezenstale aplikasyon an.

10. Kontakte nou

Pou nenpòt kesyon sou konfidansyalite, ekri nou : [email protected].