Ou pa konekte. Ou ka kontinye li sa ki deja chaje.
tripotay
Swiv nou
Kominote
Legal

Règleman Itilizasyon

Dènye mizajou : desanm 2025

1. Akseptasyon

Lè ou itilize Tripotay, sa vle di ou aksepte règ e kondisyon nou yo. E nou vrèman kontan wè ou la, paske chak moun ki patisipe ede kominote a grandi.

Si gen kèk pati nan reglèman yo ou pa twò alèz avèk yo, nou konprann sa. Ou lib pou pa itilize platfòm la pou kounye a. Men, pa bliye pòt la toujou louvri pou ou nenpòt lè ou ta vle retounen epi patisipe avèk nou.

2. Objektif foròm lan

Foròm sa a kreye pou pèmèt yon maksimòm ayisyen rankontre, kominike, pataje lide, poze kesyon, epi ede youn lòt nan yon anviwònman ki respekte tout moun.

Nou ankouraje diskisyon ki pozitif, ouvè, epi ki ka fè kominote a grandi ansanm.

3. Konpòtman itilizatè yo

Lè ou sou foròm lan, nou mande pou ou:

  • Respekte lòt moun, menm lè nou pa dakò
  • Pa itilize langaj ki ofansif, menasan oswa diskriminatwa
  • Pa pibliye kontni ki vyole lalwa oswa dwa lòt moun
  • Pa fè piblisite san otorizasyon

Objektif nou se kenbe yon espas kominotè kote tout moun santi yo alèz pou patisipe.

4. Kontni itilizatè yo

Ou responsab tout sa ou pibliye sou Tripotay.

Lè ou pataje kontni, ou dakò pou:

  • Pa pibliye bagay ki pa pou ou oswa ou pa gen dwa pataje
  • Pa mete enfòmasyon ki ka fè lòt moun mal
  • Pa pibliye kontni ki gen ladann vyolans, pònografi, oswa lòt bagay ki pa apwopriye

Nou ka retire nenpòt kontni ki vyole règleman sa yo san avètisman.

5. Moderation ak sanksyon

Pou pwoteje kominote a, nou gen dwa:

  • Modifye oswa retire kontni
  • Sispann kont itilizatè ki pa respekte règ yo

Nap eseye fè tout bagay avèk jistis e transparans, men nou pran desizyon sa yo pou kenbe yon espas ki pozitif pou tout moun.

Si ou santi ou te trete enjis, ou ka kontakte nou pou diskite sou sa.

Nou kwè nan dezyèm chans, men nou pran angajman pou kenbe yon kominote akeyan pou tout moun.

E nou espere ou konpran'n ke tout desizyon moderasyon sa yo rete nesesè pou bon fonksyonman foròm lan.

6. Disponiblite sèvis la

Nap fè tout sa nou kapab pou kenbe foròm lan aksesib tout tan, men nou pa ka garanti li ap toujou disponib san entèripsyon.

Gen ka kote sèvis la ka sispann pou antretyen oswa pou lòt rezon teknik.

Nap eseye minimize sa o maksimòm, e nap enfòme itilizatè yo davans lè sa posib.

6. Chanjman nan kondisyon yo

Nou ka mete kondisyon sa yo ajou nenpòt lè pou amelyore sèvis la oswa pou adapte ak nouvo bezwen.

Nap avèti itilizatè yo sou nenpòt chanjman enpòtan, e nap ankouraje tout moun pou revize kondisyon sa yo regilyèman.

Kontinye itilize Tripotay aprè nenpòt chanjman nan kondisyon sa yo vle di ou aksepte nouvo kondisyon yo.

7. Kontakte nou

Si ou gen kesyon oswa ou bezwen plis enfòmasyon, ou ka kontakte nou nenpòt lè. Nou toujou dispoze pou ede epi tande kominote a, ou ka kontakte nou nan : [email protected].

"Mèsi paske ou fè pati kominote Tripotay! Nou swete ou pase bon moman avèk nou."






Tripotay se yon sèvis ki baze an Ayiti. Si ou itilize sèvis la depi lòt peyi, lwa lokal ou yo ka aplike tou.


© 2024 Tripotay. Tout dwa rezève.