Vwa ki rete lòt bò dlo
Nap pale de demokrasi, men gen vwa nou pa tande. Dyaspora a la, kè lap bat toulejou pou peyi a, men lè vòt ap konte, li redwi an silans. Ki demokrasi sa si tout pitit pa ladan’l ? Jou vwa sa yo travèse lanmè, se jou sa a demokrasi a va respire tout bon vre.