Konpa dirèk la se yon souf,
Yon vag kap monte, kap desann
Sou rivaj tan an
Li pa gentan pou’l dòmi,
Lap swiv van an,
Li chanje koulè tankou syèl la lè solèy ap kouche.
Yo te di li bliye rasin li,
Yo te di li pèdi memwa
Men anba chak nòt,
Gen kè kap bat an sekrè...
Yon vwa lwen
Se rara a.
Ritm kongo, ibo, nago
Leve tankou zanzèt kap pale,
Yo sikile nan mizik la
Tankou dlo kap chèche lanmè.
Konpa a tande yo.
Li reponn.
Ant yè ak jodi a,
Tout bagay makonnen ansanb
Nan yon sèl souf.
0 repons
Diskisyon an ap grandi anba pòs la.
Pako gen repons.
Ou ka premye moun ki antre nan diskisyon an.