Fanm fòt, men ki moun kap pran swen li?
Mwen remake yon bagay… Yo toujou di fanm ayisyèn fòt Li leve pitit, li travay, li sipòte fanmi, li kenbe kay la… Men kesyon mwen poze: ki moun kap pran swen li? Paske dèyè fanm fò sa a, gen fatig, gen moman li ta vle jis repoze. Pafwa mwen santi sosyete a twò abitye ak lide ke fanm dwe fè tout bagay… san li pa janm plenyen. Nou pa fatige jwe wòl sa a? 👀