Mwen remake yon bagay…
Yo toujou di fanm ayisyèn fòt
Li leve pitit, li travay, li sipòte fanmi, li kenbe kay la…
Men kesyon mwen poze:
ki moun kap pran swen li?
Paske dèyè fanm fò sa a, gen fatig, gen moman li ta vle jis repoze.
Pafwa mwen santi sosyete a twò abitye ak lide ke fanm dwe fè tout bagay… san li pa janm plenyen.
Nou pa fatige jwe wòl sa a? 👀
4 repons
Diskisyon an ap grandi anba pòs la.
yo bliye si fanm se moun tou
sa se vre 😊
gen kek gazon ki panse se devwa ou, se pou sa sa parèt nomal pou yo
fok nou jis sispann fè fanm fòt aprann di NON 😭