Richy Jay retounen ak “Caribbean Love” 🔥
Richy Jay frape ankò ak nouvo album Caribbean Love, ki soti 20 mas 2026. E klèman, pwojè a deja pran plas li pami pi gwo vibe sezon prentan an. Depi li te anonsel depi Terrebonne, ou te ka santi gen yon bagay serve ki tap vini. Album sa a tounen toutotou lanmou, men pa yon sèl jan, se tout fòm li pran, tout santiman li pote, ak yon bon gou Karayib ladanl. Caribbean Love pa jis yon lis mizik pouw tande epi pase. Se yon eksperyans. Richy Jay melanje plizyè son tankou konpa, zouk ak lòt vibe Karayib, li fè yon melanj ki dous, ki rich, ki kenbew ladanl. Se yon retou ki fè bri… e ki fè sans.