Ou pa konekte. Ou ka kontinye li sa ki deja chaje.
tripotay
Swiv nou
Kominote
Legal

Richy Jay retounen ak “Caribbean Love” 🔥

Richy Jay frape ankò ak nouvo album Caribbean Love, ki soti 20 mas 2026. E klèman, pwojè a deja pran plas li pami pi gwo vibe sezon prentan an. Depi li te anonsel depi Terrebonne, ou te ka santi gen yon bagay serve ki tap vini. Album sa a tounen toutotou lanmou, men pa yon sèl jan, se tout fòm li pran, tout santiman li pote, ak yon bon gou Karayib ladanl. Caribbean Love pa jis yon lis mizik pouw tande epi pase. Se yon eksperyans. Richy Jay melanje plizyè son tankou konpa, zouk ak lòt vibe Karayib, li fè yon melanj ki dous, ki rich, ki kenbew ladanl. Se yon retou ki fè bri… e ki fè sans.
6 repons

6 repons

Diskisyon an ap grandi anba pòs la.

esthere_radio_button_unchecked 4mwa

mw tande album nan deja wi, li vrèman dous 🔥 Richy pa janm desevwa m

1 repons
M
marcus_paulradio_button_unchecked 4mwa

sa se vre 😀

0 repons
M
marcelus.jrradio_button_unchecked 4mwa

konpa + zouk humm melanje konsa, sa bay yon vibe ki pa nòmal 👌

0 repons
M
marcus_paulradio_button_unchecked 4mwa

gen kèk moso ladanl kap fè hit map tann pou wè sa kap plis bri

0 repons
N
nesly_julesradio_button_unchecked 4mwa

album serye wi mw fenk sot tande kelke ekstrè, se pa mal non

0 repons
I
iam_ur_mamaradio_button_unchecked 4mwa

Mwen renmen jan li pale de lanmou an, san li pa sonnen menm jan ak lot yo 🥰

0 repons