Rara nan kè Konpa dirèk la
Konpa dirèk la se yon souf, Yon vag kap monte, kap desann Sou rivaj tan an Li pa gentan pou’l dòmi, Lap swiv van an, Li chanje koulè tankou syèl la lè solèy ap kouche. Yo te di li bliye rasin li, Yo te di li pèdi memwa Men anba chak nòt, Gen kè kap bat an sekrè... Yon vwa lwen Se rara a. Ritm kongo, ibo, nago Leve tankou zanzèt kap pale, Yo sikile nan mizik la Tankou dlo kap chèche lanmè. Konpa a tande yo. Li reponn. Ant yè ak jodi a, Tout bagay makonnen ansanb Nan yon sèl souf.