Ou pa konekte. Ou ka kontinye li sa ki deja chaje.
tripotay
Swiv nou
Kominote
Legal

Richy Jay retounen ak “Caribbean Love” 🔥

Richy Jay frape ankò ak nouvo album Caribbean Love, ki soti 20 mas 2026. E klèman, pwojè a deja pran plas li pami pi gwo vibe sezon prentan an. Depi li te anonsel depi Terrebonne, ou te ka santi gen yon bagay serve ki tap vini. Album sa a tounen toutotou lanmou, men pa yon sèl jan, se tout fòm li pran, tout santiman li pote, ak yon bon gou Karayib ladanl. Caribbean Love pa jis yon lis mizik pouw tande epi pase. Se yon eksperyans. Richy Jay melanje plizyè son tankou konpa, zouk ak lòt vibe Karayib, li fè yon melanj ki dous, ki rich, ki kenbew ladanl. Se yon retou ki fè bri… e ki fè sans.

Alelouya yon fim avèk anpil bri, men san yon vrè mesaj

Mw gade yon fim ki rele Alelouya sou youtube talè a, mgen enpresyon reyalizatè te vle fè yon fim pou kritike relijyon ak jan kèk moun ka pwofite de sistèm nan. Men mesaj la pa rive pase jan li ta swete a. Fim nan vin tounen yon komedi ki fè twòp bri, twòp blag, san li pa janm pran tan pou fè moun reflechi. Ou santi reyalizasyon an ap fòse bagay yo, li vle enpresyone plis pase li vle di yon bagay ki gen sans. Menm aktè yo, tankou yap pouse chak sèn olye yo kite li mache natirèlman. Fim nan chaje ak efè, men li vid. Ou ri, wi… men lèw fini gade l, ou pa kenbe anyen serye. An rezime anpil pale, anpil bri… men yon pa gran choz pouw reflechi de mesaj mw fim lan te vlé pase

Politik Konfidansyalite  ·  Règleman
add_circle